Apwopo de nou

Chemen KONESANS se yon platfòm sou entènèt ki mete yon pakèt sèvis adispozisyon tout moun, yon fason pou l ede tout moun ki enterese fòme tèt yo, anrichi konesans yo epi patisipe nan yon seri aktivite literè, entèlektyèl ak syantifik.

Lè yon moun monte sou platfòm sa a, li kapab aksede a sèvis sa yo nou pral site la a :

yon baz done nou rasanble apati yon seri dokiman nou twouve ki disponib libelibè sou entènèt, tèz doktora, memwa ak liv kolaboratè nou yo fè nou jwenn ; rantre nan bibliotèk sa a pou w kapab ogmante dòz kilti jeneral ou epi anrichi konesans ou ;

yon libreri vityèl k ap pèmèt ou genyen yon lide rapid sou liv enteresan ki fenk soti ; ou kapab bat pou w genyen liv sa yo oswa youn oubyen plizyè chapit nan liv sa yo ki vrèman enteresan pou ou dekouvri ; edisyon ki nan patenarya avèk nou yo, yo itilize libreri vityèl sa a tou pou yo ka fè ou konnen tout bon liv yo genyen pou ofri w ; nou genyen liv pou moun nan tout laj (timoun, adolesan, jèn ak granmoun) ;

yon edisyon nimerik ki pèmèt yon pakèt otè konpetan fè dekouvri liv yo ekri epi kominike avèk yon kominote lektè ki trè laj ;

fowòm kote tout moun kapab eksprime lide yo, rete nan kominikasyon epi brase lide avèk otè ki ekri liv yo oswa avèk anpil lòt espesyalis sou plizyè tematik ;

atelye fòmasyon kote tout moun ki enterese ka patisipe pou dekouvri sa yo pa t ko konnen oubyen konble kèk lakin yo genyen ; gen kèk nan atelye nou yo ki fèt pou elèv lekòl oubyen etidyan ki bezwen èd pou amelyore konpetans yo pou yo kapab byen reyalize devwa akademik yo ;

yon sèvis kotching ki pèsonalize ; sèvis sa a disponib pou chak moun ki vle konble kèk lakin nan yon domèn konesans oubyen nan travay l ap fè chak jou ;

yon sèvis konsiltasyon nan domèn fòmasyon (konsepsyon ak reyalizasyon modil fòmasyon ki byen adapte ak bezwen benefisyè yo, etid anpirik, evalyasyon pwojè fòmasyon, elatriye) ; sèvis konsiltasyon sa a plis la pou antrepriz yo ; Chemen KONESANS mete adispozisyon antrepriz yo meyè espesyalis ki pou pwodwi analiz pètinan epi fè pwopozisyon fas a yon seri sitiyasyon pwoblematik enstitisyon yo kapab rankontre.